Fè juska 30 000 G. pandan wap aprann ak fòmasyon nou yo epi kòmanse travay pandan ou lakay ou.

Travay nenpòt kote, avèk oswa san konpetans. Vin fè pati plizyè santèn moun ki deja ap travay avèk nou.

Aktivite ki disponib yo

Gade lis aktivite ki disponib kounye a epi kòmanse kolabore avèk nou. Kèlkeswa aktivite ou chwazi a, wap resevwa yon ti fòmasyon gratis ki pou ede w byen konprann misyon an epi kòmanse nan bon kondisyon.

Aktivite Rechèch sou Entènèt
Nap aprann ou kòman pou fè rechèch sou Entènèt la, avèk chatgpt et lot zouti yo. Ou pral patisipe nan aktivite rech sou Entènèt pou ede ekip nou an rasanble done itil, dapre enstriksyon klè.
Montè videyo
Nap aprann ou kijan pou kreye videyo e fè montaj videyo tiktok et pou lòt rezo sosyal yo. Wap itilize foto ak videyo nou ba ou yo pandan wap suiv enstriksyon yo.
Kreyatè paj pwodui
Nap aprann ou kijan pou kreye bon imaj kalite ak chèche bon videyo pou pwodui e-commerce, epi aprann prepare bon deskripsyon an anglè pou pwodui yo selon direktiv ekip la.
Kreyatè imaj IA
Nap aprann ou kijan pou kreye imaj atiran pou videyo nou yo ak miniati, wap aprann itilize platfòm entèlijans atifisyè kreyasyon imaj yo, selon gid ak enstriksyon ekip la ap ba ou.
Kreyatè Tèks ak odyo
Nap aprann ou kijan pou prepare tèks pou videyo nou yo, pandan wap aprann itilize zouti entèlijans atifisyèl yo. Wap aprann tou kijan pou kreye odyo oubyen bon vwa off natirèl pou videyo nou yo.
Kreyatè videyo pwodi kosmetik.
Nap aprann ou kijan pou prezante pwodui kosmetik devan kamera, nan yon fason klè, natirèl ak konvenkan, pou pèmèt plus moun achte pwodwi nou yo. NB: se sèlman fanm ki gen ant 21 ak 35 lane ki ka patisipe.

komanse an 4 étap

I : Chwazi yon aktivite.

Gade aktivite ki disponib yo epi chwazi sa ki pi adapte pou ou a, epi klike sou bouton map enskri a. Lew finn enskri wap resevwa yon imèl ki gen yon fòmilè pouw ranpli. Wap reponn kesyon ki nan fòmilè a. Se avèk fòmilè sa nap gen pou nou chwazi moun nap pran yo.

II : Tann ekip la verifye enfomasyon ou yo.

Ekip Dollars25 ap pran tanl pou revize enfòmasyon ou yo ak atansyon. Si pwofil ou, oubyen enfòmasyon ou yo koresponn ak moun nap chèche yo, wap resevwa yon imèl epi yon mesaj WhatsApp aprè 10 jou ki pou anonsew kè nou chwaziw kòm moun ki pral apran e travay ak nou.

III : Suiv Fòmasyon pou aktivite ou chwazi a gratis

Anvan ou kòmanse, wap resevwa yon videyo aprantisaj senp e klè. pou aprann ou e edew konprann fonksyònman aktivite yo epi suiv direktiv yo nan bon kondisyon.

IV : Resevwa salè ou chak fen mwa.

Nan fen chak mwa, administratif la ap voye montan selon rezilta ak travay ou, ba ou avèk natcash oubyen moncash. Ou pap bezwen deplase

kontakte nou

Ou gen yon kesyon oswa ou bezwen èd ? Kontakte ekip nou an, n ap reponn ou pi vit posib.